Mwen se yon ayisyen, map etidye medsin nan Kanpis Anri Kristòf la. Mwen deside kontribye nan amelyorasyon Wikipedya an kreyòl la, e sa ap ede Ayisyen parèy mwen yo anpil, paske lè ou aprann yon bagay nan lang matènèl ou, ou konprann li pi byen. E mwen remake ke si ledikasyon te fèt an kreyòl an Ayiti, sa tap fasilite timoun yo anpil. Mwen konn ap swiv kèk kamarad mwen depi lontan, mwen remake ke lè yo etidye yon leson an fransè, menm si yo konn leson an pakè, yo pa fè pwen nan egzamen a koz yo pa konprann sa yo tap etidye a. Si se an kreyòl, mwen pa kwè sa tap rive. E se sak fè mwen ankouraje e felisite tout kòlèg kap travay nan amelyorasyon Wikipedya kreyòl la. Se ledikasyon ki baz devlopman tout peyi.